JALOUZI NÈG SAN KONSYANS

Publié le par Jespaham

 

MENORTE RENE, VICTIME

JALOUZI NÈG SAN KONSYANS

Lijanboje, abòdjò, wòklò ,divinò parèt

Pou l voye nan peyi tèt san chapo Menorte

Kreyati Jewova Dye te pran san l pou l fòme

Rive kouwè kout zeklè disparèt

 

Ochan pou tout fanm vanyan ki tonbe

Matirize, vyole, kidnape, asasine e tiye

Anba men mouche gason lijanboje

Ki pran fanm pou kalson pou drive

Mesye o, se fanm ki akouche lavi tande

 

An n pa kite jalouzi,

Pou nap mal aji

Menm si mezantant ta pase

Konnen ou pa gen dwa detwi

Lavi Bondye te kreye.

 

Si fanm te kreye pou te pwotege

Poukisa gen gason ki konvèti pou yo an danje?

Yon chan pou tout fanm ki pa gen kè kontan

Pou wè kijan yo ap disparèt kwè van

Akòz jalouzi nèga san konsyans

Ki simante nan lespwi l vyolans.

Fè kreyati sa a santi lavi l pa ansekirite

Lè l wè ki jan fanm sou latè ape tonbe

Sou chimen lanmò akòz yon gason.

Ki kite twòn kè li ap dirije de yon demon.

 

Fanm pa mango mi

Pou ap mache keyi l

Eske se ou kite ba li lavi

Pou ou panse ou gen dwa tiye l ?

 

Pa genyen fren sou wout malè

Men, poze tèt ou yon kesyon monchè

Kote ou ta va ye, souple pa bliye

Ou fè ditò a manman limanite

Sonje, lanmò se yon sèl chimen

Kote tout moun genyen pou pase

Si se pa jodi se yon demen

Men, pou kisa ou prese

Nan mache tenyen

Flanbo Bondye te limen ?

 

Menm si ou ta va kouri, pou ou ale kache

Nan fon-w kouwè KAYEN genyen yon so ki tanpe.

Konnen byen, pou ou tou, lanmò pap genyen pitye

Pa panse –w pral epanye anba jijman Bondye

Sèl fason, bay Jezikri laviw- e ou va sove.

 

Yon tèks de Hamlet Alexandre dit Jespaham 19/4/2013

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article