YO
KONPE SILVYO AK KONPE VYO
SILVYO: BAGAY YO SA A SE TET CHAGE
YO TOUJOU DI YO
TOUT BAGAY SE YO
YO PA MENM KA IDANTIFYE YO
YO VOLO YO TOUT JAN
MEN PAFWA ANPAKET BAGAY YO DI
YO SE REALITE NAN PEYI KI VLE DEKOLE
MEN JISKA PREZAN YO KOLE PEYI A POUL PA DERAPE.
YO SAN KONPRANN KONSA MOUN SA YO.
YO ENBESIL E YO INYORAN
YO DI YO AP DEFANN KOZ PEYI
MEN ALE WE YO KONPE VYO
YO PALEMANTI KONSA
YO SE SEL CHEF NAN BLOKE PEYI
GEN NAN YO TOUT LA SENN JOUNEN YO AP APLIKE LWA
VYO: KI LWA YO AP APLIKE KONSA KONPE SILVYO?
SILVYO: LWA POU YO FE DEMAGOGI KI VINI LOGIK.
VYO: SA PAWOL SA YO VLE DI KONPE SILVYO?
SILVYO: GENYEN YON TI LIV YO TE EKRI POU PEYI AN
SE KONSTITISYON YO RELEL, OUMMM, ADJE WI DAN.
VYO: KI SA OU GENYEN KI FE OU AP PLENN KONSA KONPEM, FIN ESPLIKEM NON
SILVYO:BAGAY YO, KI AP BOULVESE M KONSA KONPEM.
GENYEN DE LWA YO APLIKE NAN LIV LA KI PEMET PEYI A AP SOUFRI PLIS.
DEPI 1084 YO DI NOU PRAN ENDEPANDANS
MEN JISKA PREZAN MWEN PA SANTI SA YO DIM NAN.
SE VRE WI KONPEM DE SA YO DI A
MEN, APRE ENDEPENDANS SAA YO DI PEYI AN TE PRAN AN.
LI PA JANM FE PWOGRE ANKO POU ZANSET YO TE KA SANTI YO TE FE YON BON TRAVAY.
TOUT LA SENN JOUNEN SE CHIRE PIT, WOYWOY AK KRAZE BRIZE YO AP FE EPI SIMAYE MIZE.
VYO:KOUMAN YO RELE KONPEM TI LIV LALWA A , KONSTIPASYON?
SILVYO: NON KONPEM YO RELEL KONSTITISYON
SE YON LIV KE YO TE EKRI KI GENYEN MANMAN LWA PEYI A
KONSTIPASYON KONPEM YO DI SE LE YON MOUN PA KA TWALET LI SERE.
VYO: OK, KONPEM, MWEN KONPRANN, MEN TOU JAN BAGAY YO YE LA A PEYI A KONSTISPE PASKE GENYEN TROP VYE BAGAY ANDEDAN LI KE LI BEZWEN JETE MEN JISKA PREZAN LI POU KO KA DELIVREL DE YO.
POU KESYON LWA KI NAN LIV LA KONPEM, LWA SA YO DESANN NAN TET A YO TOU KONPEM
NAN KONSA YO AP DETWI PEYI AN PI PLIS, ANPAKET BANN MALFEKTE YO YE.
SILVYO: KONPEM, SA OU DI YO VLE FEM RI WI, MEN YO GENYEN ENPOTANS PA YO TOU
VYO: GENYEN YON VAN KAP SOUFLE KI DI YO ARANGE AK MOUN POU FE DEZOD NAN PEYI A.
POU ENVESTISE YO PA VINI POU GOUVENEMAN SA A KA ECHWE.
YO PA VLE WE NEG KI TE KONN AP DESANN PANTALON LI AN YO DIM
PASKE YO WE LI GENYEN VOLONTE POU LI SA CHANGE KEK BAGAY
POU TET SA YO KOUMANSE KREYE KEK LABORATWA
POU SA WE KIJAN YO KA METE LABATWA TOU KOMPEM
YO ITILIZE MENM KEK ETIDYAN SAN NANM TOU
SE PANDANM MWEN TE AP PASE BO KAY FILIYIS, LOT BO A, MWEN TE TANDE YO TAP PALE.
DEJA OU KONNEN KI JAN DE MOUN YO YE KONPEM.
SE PRAN POZ ENTELEKTYEL YO EPI ANYEN SERYE YO PAP REGLE POU PEYI A, SELMAN YO LA POU FE DILATWA. MWEN MENM KONPEM SE ENTELEKTYEL RABI MOUN SA YO YE POU MWEN, PASKE YO PA KONTRIBYE NAN EDIKASYON PEP LAN VRE.
E YO GENYEN RADYO KI AP ESPONSORIZE YO TOU NAN BOUK LA.
MEN MWEN SISPEK YO LESE MANIPILE PA LOT PEYI GRAN PWISANS YO TOU
POU YO METE ENSTABILITE NAN PEYI A.
PUISKE GOUVENEMAN PA YO PAT REGLE ANYEN KI SERYE NAN TAN PASE YO.
POU TET SA YO ITILIZE ANPIL NAN YO POU MACHE JAPE KOMPEM
MEN OU PA BEZWEN PE YO PA GENYEN DAN ANKO.
SILVYO: KONPE’M, NEG SA YO BAY PWOBLEM WI NAN TI PEYI SA A
YO PA VLE LI AVANSE POU YO KA PLEN POCH YO.
YO KI PLIS LAGE PEYI A NAN ETA SA A
YO PA KA DI YON MO
MEN SE KONEN OU PA KONEN BOUT YO
OU PA WE JAN YO YE ?
ANPAKET TI VISYE YO YE.
VYO: KONPE’M YO TOUJOU DI YO PA KONN AL LAJISTIS
KI SA OU PANSE?
SILVYO: SI GENYEN YON LAJISTIS KONPEM SE SELMAN BONDYE KI AP DI YON MO AK YO POU TOUT SA YO FE E YO KONTINYE AP FE PEYI A SOUFRI KONSA.
MWEN RETIRE KOM KONPE MALE TRAVAY PASKE PARES PA BAY, GOUVENEMAN AN SELMAN PA KA CHANGE BAGAY YO NAN PEYI SA A SE WOL NOU CHAK AYISYEN POU NOU TRAVAY POU NOU CHANGE VIZAJ PEYI SA A.
VYO: POU MWEN MENM KONPEM MWEN TA SWETE KE TOUT AYISYEN PRAN KONSYANS MENM JAN KE OU GENTAN SANTIL LA, KITEM TOU ALE TOU POUM ALE CHECHE YON TRAVAY POUM FE PASKE MWEN PA KARETE NAN JWE DOMINO TOUT TAN.
SILVYO: NAN KASA A ANN SWIV YO KONPEM POU NOU WE KI JAN BAGAY YO AP FIN DEROULE.
SE POU BONDYE BENI TI PEYI SA A E DELIVREL DE TOUT MAL YO.
SILVYO AK VYO BAY AKOLAD EPI YO TOU 2 YA ALE.
TEKS EKRI PA ALEXANDRE HAMLET.